Lekti lamès pou samdi 25 mas

Anonsyasyon Granmèt la

Blan

Priyè: Bondye, ki te vle pou Pawòl ou a resevwa veritab chè moun nan vant Vyèj Mari, fè nou favè, tanpri, pou noumenm ki deklare Redanmtè nou an Bondye epi moun, nou merite gen menm destine avèk nati Bondye l la. Pa pouvwa Jezikri…

PREMYE LEKTI

Izayi 7, 10-14 ; 8, 10: Granmèt la voye pwofèt Izayi pale ak wa Akaz, li di l: «Mande Yave, Bondye Granmèt ou a, yon siy. Yon siy ki sòti nan fon tè a, oubyen ki sòti anwo nan syèl la. » Akaz reponn, li di: « Non, m p ap mande sa, M pa andwa sonde Granmèt la. » Alò, Izayi di li: « Koute non, ras David! Li pa kont, pou nou fatige moun, koulye a se Bondye m lan, nou vle anbete! Enben, Granmèt la menm, pral ba nou yon siy: Men li, jèn ti fi a ansent, li pral fè yon pitit gason, y a rele li, Emanyèl (sa vle di Bondye avèk nou). Nou mèt fè plan nou. Men, sa p ap mache! Nou mèt pale jan nou vle. Men, sa p ap sèvi nou anyen, paske noumenm patizan Bondye yo, se Bondye ki avèk nou! Pawòl Granmèt la.

Sòm 39, 7-8a. 8b-9. 10.11 Men mwen Granmèt, Mwen vini pou m fè volonte ou!

.Ou pa t bezwen kado bèt touye ni nenpòt lòt kado, Se poutèt sa, ou louvri zòrèy mwen. Ou pa mande kado bèt touye tout antye Ni kado bèt antye touye san boule, Lè sa a, mwen di, men mwen, mwen vini.

Jan sa te ekri nan liv la, mwen pran tout plezi m nan fè sa ou vle, Se Bondye m lan ase mwen renmen fè sa ou mande, mare ak trip mwen.

Mwen anonse yo bòn nouvèl, lè tout pèp la reyini; Ou wè, m pa rete ak bouch mwen fèmen Granmèt ou konn sa.

Mwen pa kache jan ou konn kenbe pwomès ou, Jan ou konn bay delivrans. Mwen te di devan tout moun yo, Jan ou konn renmen, jan ou debyen.

DEZYÈM LEKTI

Ebre 10, 4-10: Frè m ak sè m yo, Se pa san zan ni mo ki kapab efase peche nou. Se poutèt sa, etan l t ap viv sou tè a, Kris la di pawòl ki nan Sòm lan: Ou pa t vle sakrifis ak kado, men se yon kò ou te fè m genyen. Ou pa t aksepte ni bèt yo te konn boule pou ou yo, ni sa yo te konn sakrifye pou peche. Se lè a atò mwen di: Men mwen Bondye Granmèt, mwen vini pou m fè volonte ou, paske se sou mwen menn yo ekri sa ki nan labib la » Se sa k fè Kris la di: « Sa yo te konn sakrifye yo ak kado yo te konn pote ba ou yo, ak bèt yo te konn boule pou ou yo, ou pa t vle yo, ni ou pa t aksepte yo, menm lè se lalwa Moyiz la ki te mande sa ». Se sa k fè li di tou: « Men mwen Bondye mwen, mwen vini pou m fè volonte ou. » Se konsa Jezi elimine premye fason yo te konn sèvi a pou l mete yon nouvo fason. Se poutèt desizyon sa a Bondye pran an, nou vin lave, nou vin sen, gras a kado kò Jezikri ki ofri tèt li, yon sèl grenn fwa, epi ki kont, pou tout tan. Pawòl Granmèt la.

LEVANJIL

Lik 1, 26-38: Bondye voye lanj Gabriyèl nan yon vil Galile yo rele Nazarèt, lakay yon jèn fi ki te fiyanse ak yon nèg, moun ras David, yo rele Jozèf. Jèn fi a te rele Mari. Mesaje Bondye a antre kot Mari, li di li: « Bonjou Mari, mwen salye ou, ou menm ki plen favè, Granmèt la avèk ou » Lè Mari tande pawòl sa yo, tèt li vin boulvèse. Li t ap kalkile, poukisa salye sa a. Mesaje Bondye a di l: « Ou pa bezwen pè Mari, se favè ou jwenn nan men Bondye. Ou pral vin ansent, Ou pral fè yon pitit gason, Ou a rele li Jezi. L ap vin yon grannèg. Y a rele l pitit Sila ki anwo nèt la. Bondye Granmèt la ap ba li, fotèy wa David papa l la; L a Wa pèp Jakòb la pou tout tan; Gouvènman l lan p ap janm fini. » Mari di mesaje a: « Kouman sa pral fèt, paske m pa an afè ak gason? » Mesaje a reponn li: « Lesprisen an ap vin sou ou, pouvwa Sila ki anwo nèt la ap kouvri ou ak yon lonbray. Se pou tèt sa, pitit ki va fèt la va sen. Y a rele l Pitit Bondye. Gade Elizabèt, fanmiy ou lan, atout li fin granmoun nan, li ansent yon pitit gason; Limenm yo te konn di ki pa ka fè pitit la; Li deja sou sizyèm mwa li. Pa gen anyen ki enposib pou Bondye. » Mari reponn: « Mwen se sèvant Granmèt la; se pou sa pase pou mwen, jan ou di a! » Apre sa, mesaje a pati ale. An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.

Priyè sou ofrann yo: Kado Legliz ou a, Bondye ki gen tout pouvwa, aksepte resevwa l, pou, limenm ki rekonèt sous li egziste nan Sèl Pitit ou a ki pran chè a, li kontan selebre mistè l yo nan gran fèt sa a. Pa pouvwa Jezikri…

Priyè apre kominyon: Bondye Papa, ou toujou kenbe pawòl ou. N ap di ou mèsi jodi a pou Sovè ou te pwomèt nou e ou te voye ban nou vre, sovè ki fèt nan vant Mari ki vyèj la. Li vini pou tout moun ki sou tè a tounen pitit ou. Tanpri Bondye Papa, fè nou mache tout tan anba pouvwa Lesprisen an, n a sanble reyèlman vre ak Jezi, e n a travay pou Bon Nouvèl la gaye toupatou. Pa pouvwa Jezikri…