N ap sonje Lasent Vyèj Mari, Manman Legliz
Vèt oubyen Blan
Priyè: Gran mèsi manman nou Mari ki vyèj epi ki debyen nèt, gran mèsi ou fè moun favè jwenn delivrans. Paske nou rele l manman Altagras sou tè a, tanpri souple, fè nou rive jwenn pòsyon pa nou nan kontantman ki p ap janm fini an. Pa pouvwa Jezikri…
PREMYE LEKTI
Jenèz 3, 9-15.20: Men, Granmèt la, Bondye a, rele nonm lan, li di l. Kote ou ye? Nonm lan reponn li. Mwen tande vwa ou nan jaden an, mwen pè. M al kache pou ou, paske mwen toutouni.Granmèt la, Bondye a, di l. Ki moun ki di ou te toutouni? Èske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a?Nonm lan reponn. Fanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi pyebwa a pou m manje, epi mwen manje l.Granmèt la, Bondye a, mande fanm lan. Poukisa ou fè sa? Fanm lan reponn li. Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m manje l.Granmèt la, Bondye a, di sèpan an konsa. Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. Ou a rale sou vant ou. Ou a manje pousyè tè jouk jou ou mouri.Ou menm ak fanm lan, m ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm ou ap mòde l nan talon pye l. Adan bay madanm li non, li rele l Èv, paske se li menm ki manman tout moun k ap viv sou tè a. Pawòl Granmèt la.
Sòm 18:
Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè kontan.
Lalwa Granmèt la san tach, li refè nanm, temwayaj Granmèt la fidèl, li bay ti moun yo sajès.
Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè kontan, kòmandman Granmèt la klè, li klere je yo.
Krentif pou Granmèt la nèt, li dire pou tout tan gen tan, jijman Granmèt la vre, yo kòrèk yo tout ansanm.
Se pou pawòl bouch moun yo fè ou plezi, ni refleksyon kè m devan fas ou. Granmèt, sekou m ak Sovè mwen.
LEVANJIL
Jan 19, 25-34: Bò kwa Jezi a te gen manman l ak sè manman l, Mari, madanm Kleyopas la, ansanm avèk Mari, moun lavil Magdala a.Jezi wè manman l ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l konsa: Madanm, men pitit ou.Li di disip la: Men manman ou. Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.Jezi te konnen lè sa a tout bagay ki pou te fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di: Mwen swaf.Te gen yon veso plen vinèg bò la. Sòlda yo tranpe yon eponj nan vinèg la, yo mare l nan pwent yon branch bwa yo rele izòp, yo pwoche l, yo mete l bò bouch Jezi.Lè Jezi fin pran vinèg la, li di: Tout sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri.Se te lavèy jou repo a. Jwif yo pa t vle pou kadav yo te rete sou kwa yo pandan jou repo a, paske jou repo a te yon gwo jou fèt. Yo mande Pilat pou fè kraze janm moun ki te kloure sou kwa yo, lèfini pou l te fè wete kadav yo.Se lè sa a, sòlda yo vini, yo kraze janm premye nonm yo te kloure sou kwa menm lè ak Jezi a. Apre sa, yo kraze janm dezyèm lan tou.Men, lè yo rive sou Jezi, yo wè li te gen tan mouri. Se sa k fè yo pa t kraze janm li yo.Men, yonn nan sòlda yo pèse bò kòt li avèk yon lans. La menm, dlo ak san koule sot nan twou a. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la
Priyè sou ofrann yo: Pandan n ap selebre ak kè kontan fèt Manman pitit ou a, n ap ofri ou Granmèt sakrifis lwanj sa. Fè echanj sa fè nou antre pi plis toujou nan piyay lavi ki p ap janm fini an. Pa pouvwa Jezikri…
Priyè aprè kominyon: Nou fin resevwa sakreman syèl la, n ap mande ou, Granmèt, bay sila yo ki ap venere Mari nan gran jou lavyèj Mari sa a pou yo patisipe nan gran fèt k ap fèt nan wayòm ou an k ap la pou toutan. Pa pouvwa Jezikri …