Lè w fè yon jès ak Sous Lavi a, w ap ede nou gaye Bòn Nouvèl la toupatou nan peyi a. Bondye va remèt ou sa.
Pou n kapab kontinye ofri revi a nan yon pri pou tout moun jwenn, nou bezwen sipò lektè nou yo ki gen posibilite pou yo kolabore ak misyon nou an.
Pou w jwenn detay kont bankè ak MonCash nou yo, tanpri, ekri nou nan imel sa a : sousvia2014@gmail.com, oubyen kontakte direktè Sous Lavi a, ki se Pè Jean Bertin ST LOUIS, sj, sou WhatsApp nan nimewò (+509) 4395-0010.
Pa bliye tou :
Nou ka fè piblisite nan liv la pou pwodwi oubyen enfòmasyon nou vle fè pase. Asosye nou yo ofri sèvis foto, videyo ak transmisyon andirèk evènman gras ak aplikasyon Zoom.
Epi nou ka enprime tout bagay sa yo (pa stock) :
– Blòk nòt, fich ak resi pou vann,
– Badj, Kat didantifikasyon, Kat denvitasyon pou seremoni, Kanè lekòl (kanè pèman, kanè skolè, elatriye)
– Livrè, bwochi, « reliure à spirale »
– Antèt pou lèt, anba pou lèt, anvlòp
– « Flyers », kat maryaj, kat vizit, Kat biznis, livrè chan an kantite…
Mèsi davans pou kolaborasyon w pou nou ka kontinye ak ti travay sa a.