Fèt lapannkot
Wouj
Mès lavèy jou a (w ap jwenn mès nan jou a an ba)
Priyè: Bondye ki gen tout pouvwa, ki egziste tout tan, ou menm ki te vle pou sakreman paskal la kenbe ansanm nan mistè pandan senkant jou, fè nou favè pou, gaye nasyon yo gaye a, divizyon lang yo vin rasanble pou yon sèl deklarasyon lafwa nan non ou gras a kado syèl la. Pa pouvwa Jezikri…
PREMYE LEKTI
Jenèz 11, 1-9: Nan kòmansman, tout moun sou latè te pale yon sèl lang, yonn te konprann lòt.Apre yo pati soti kote solèy leve a, yo rive nan yon plenn nan peyi Chenea. Yo monte kay yo la, yo rete.Lè sa a, yonn di lòt. Mezanmi, vini non! An n fè brik. An n kwit yo nan dife. Se konsa, yo pran brik sèvi wòch pou bati kay, yo pran asfat sèvi mòtye.Apre sa, yo di. An nou wè! An n bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tou won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p ap ka gaye nou toupatou sou latè.Granmèt la desann pou l wè lavil la ansanm ak gwo kay won moun yo t ap bati a. Epi li di. Koulye a, gade! Yo tout fè yon sèl pèp. Yo tout yo pale yon sèl lang. Gade sa yo kòmanse ap fè. Talè konsa y ap pare pou yo fè sa yo vle.Bon. N ap desann, n ap mele lang yo. Konsa, yonn p ap ka konprann sa lòt ap di.Se konsa Granmèt la gaye yo toupatou sou latè. Yo sispann bati lavil la.Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, paske se la Granmèt la te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè. Pawòl Granmèt la.
Oubyen
Egzòd 19,3-8a.16-20b: Moyiz monte sou mòn lan, l al bò kote Bondye. Granmèt la rete sou tèt mòn lan, li rele Moyiz, li di l: -Men sa pou ou di moun fanmi Jakòb yo, men sa pou ou fè pèp Izrayèl la konnen:Granmèt la pale, li voye di nou konsa: Nou wè sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Nou wè kijan mwen te pote nou tankou malfini pote pitit li yo sou do li, mwen fè nou vin jwenn mwen.Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m ap chwazi pou moun pa m nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.Men nou menm, n ap vini yon nasyon moun k ap sèvi m tankou prèt, yon pèp k ap viv apa pou mwen. Wi, se sa pou ou di moun Izrayèl yo.Moyiz ale, li fè sanble tout chèf fanmi pèp la, li rapòte yo tout sa Granmèt la te ba li lòd di yo.Tout pèp la reponn ansanm, yo di: -N a fè tout sa Granmèt la di nou fè. Apre sa, Moyiz al rapòte bay Granmèt la repons pèp la. Sou twazyèm jou a vre, nan granmaten, loraj t ap gwonde sou mòn lan. Te gen zèklè ak yon gwo nwaj byen pwès sou mòn lan tou. Yon twonpèt t ap kònen byen fò. Tout moun t ap tranble kou fèy bwa kote yo te ye a, sitèlman yo te pè.Moyiz fè pèp la soti kote yo te monte tant yo a pou y al kontre Bondye. Yo rete nan pye mòn lan.Tout mòn Sinayi a te kouvri nèt ak lafimen, paske Granmèt la te desann sou li nan mitan yon gwo dife. Lafimen t ap monte tankou nan yon fou lacho. Tout mòn lan t ap tranble avèk fòs. Twonpèt la t ap kònen pi fò toujou. Moyiz t ap pale, Bondye t ap reponn li byen fò avèk yon bri ou ta di yon bri loraj.Granmèt la desann sou mòn Sinayi a, sou tèt mòn lan menm. Li rele Moyiz sou tèt mòn lan. Moyiz monte al jwenn li. Pawòl Granmèt la.
Oubyen
Ekzekyèl 37, 1-14 : Mwen santi pouvwa Granmèt la sou mwen ankò. Lespri Bondye a pran m, li mennen m nan yon fon ki te plen zosman.Li fè m pwonmennen nan tout fon an, nan mitan zosman yo. Mwen wè te gen anpil anpil zosman atè nan fon an. Zosman yo te fin chèch nèt.Li di m konsa: -Nonm o! Èske zosman sa yo ka tounen vivan ankò? Mwen reponn: Granmèt sèl Mèt la, se ou ki konnen! Lè sa a, li di m konsa: Bay mesaj sa a pou zosman yo. Ou a di zosman ki fin chèch yo pou yo koute pawòl Granmèt la.Wi, men sa Granmèt sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral fè yon van soufle sou nou pou nou ka tounen vivan ankò.M ap mete venn sou nou, m ap fè vyann pouse sou nou, m ap kouvri nou ak po. M ap mete souf nan nou, m ap fè nou viv ankò. Lè sa a, n a konnen se mwen menm ki Granmèt la.Mwen bay mesaj Bondye a jan li te ban m lòd la. Antan m ap pale konsa, mwen tande yon gwo bri, zosman yo pran deplase jouk yo jwenn plas yo yonn bò kote lòt.Mwen gade, mwen wè zosman yo te gen venn sou yo. Vyann t ap pouse sou yo. Lèfini po kouvri yo tout. Men pa t gen souf nan yo.Bondye di m konsa: -Nonm o! Bay mesaj Bondye a, pale ak van an. Ou a di li men mesaj Granmèt sèl Mèt la voye ba li: Vini non! Soti nan kat bòn direksyon yo. Soufle sou tout mò sa yo, fè yo tounen vivan ankò.Se konsa, mwen bay mesaj la, jan li te ban m lòd la. Souf la antre nan kadav yo, yo vin vivan ankò, yo kanpe sou de pye yo. Te gen anpil anpil moun, kont pou fè yon gwo lame.Bondye di mwen: Nonm o! Moun pèp Izrayèl yo tankou zosman sa yo. Y ap di: Nou fin deperi, nou pa gen espwa ankò. Nou fini nèt.Se poutèt sa, ba yo mesaj sa a. Di yo konsa: Men sa mwen menm Granmèt sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral louvri tonm yo. Mwen pral fè yo soti ladan yo, m ap mennen yo tounen nan peyi Izrayèl la.Wi, m a louvri tonm kote pèp mwen an te antere a, m a fè yo soti nan tonm yo. Lè sa a, y a konnen se mwen menm ki Granmèt la.M ap mete souf mwen nan yo, m ap fè yo tounen vivan ankò. M ap fè yo tounen nan peyi pa yo a. Lè sa a, y a konnen se mwen menm Granmèt la ki pale. Sa m te di m ap fè a, m ap fè l vre. Se Granmèt la menm ki di sa. Pawòl Granmèt la.
Oubyen
Jowèl 3, 1-5a: Men pawòl Granmèt la: M ap vide lespri m sou tout chè, pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo ap pwofetize, granmoun nou yo ap gen mesaj nan rèv, jèn jan nou yo ap wè vizyon; menm sou sèvitè m yo ak sèvant mwen yo jou sa yo m ap vide lespri m. M ap mete pwodij nan syèl la ak sou tè a, san, dife, vapè lafimen. Solèy la ap vin tounen fènwa, lalin nan ap vin tounen san, anvan Jou Granmèt la rive, jou sa a ki gran, ki tèrib la. Rive: tout moun k ap rele non Granmèt la l ap sove, paske sou mòn Siyon an ak nan Jerizalèm ap gen kote pou sove, jan Granmèt la te di a, ni nan rès yo Granmèt la ap rele a ». Pawòl Granmèt la.
Sòm 103
Voye Lespri ou, Granmèt, epi refè fas tè a.
Oubyen: Alelouya.
Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen: Granmèt Bondye m, ou gran anpil. Ou abiye ak lwanj, ak bèlte, ou vlope ak limyè tankou yon rad.
Ala anpil travay ou yo anpil, Granmèt yo tout se ak sajès ou fè yo, tè a plen ak kreyati ou.Yo tout ap tann ou, pou ou ba yo manje nan tan yo. Antan ou ba yo, yo rasanble, antan ou louvri men ou, ou plen ak byen.
Lè ou raple lespri yo, y ap mouri, se nan pousyè yo y ap tounen. Ou ap voye lespri ou, y ap kreye, ou ap refè fas tè a.
DEZYÈM LEKTI
Women 8, 22-27: Wi, nou konn sa: jouk jodiya, tout kreyasyon an ap plenn, l ap soufri tankou yon fanm ki gen doulè tranche.Epi se pa li menm sèlman. Nou menm tou ki resevwa Sentespri Bondye a tankou premye kado.Bondye fè nou, n ap pouse gwo soupi nan kè nou pandan n ap tann Bondye fin fè nou tounen pitit li nèt, fin delivre kò nou yo.Paske, Bondye delivre nou, men nou menm n ap tann toujou. Si nou wè sa n ap tann lan, nou pa nan tann ankò. Ki moun k ap rete tann sa li wè deja?Men, si n ap tann sa nou pa wè, n ap tann li avèk pasyans.Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n mande lè n ap lapriyè, ni kijan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k ap lapriyè Bondye pou nou. L ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike.Bondye menm ki konnen sa ki nan kè tout moun, li konnen kisa Lespri li a vle mande, paske sa Bondye vle a se sa Lespri li a ap mande pou tout moun k ap viv pou Bondye. Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
Jan ki sen 7, 37-39: Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè.Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y ap wè gwo kouran dlo k ap bay lavi koule soti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la.(Jezi t ap pale kijan moun ki kwè nan li yo t apral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pa t ankò desann sou pèsonn, paske Jezi pa t ankò monte nan syèl la.) An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la.
Priyè sou ofrann yo: Kado nou prezante yo, tanpri, Granmèt, plen yo ak benediksyon Espri ou la, pou, pa lantremiz yo, Legliz ou a jwenn renmen sa a ki sèvi mwayen pou verite mistè ki sove nou an vin aklè pou tout tè a. Pa pouvwa Jezikri…
Priyè aprè kominyon: Kado sa yo nou resevwa yo, Granmèt, se pou yo pwofite nou, pou nou chofe san rete ak Lespri sa a ou te vide sou Apot yo yon fason yo pa kapab pale a. Pa pouvwa Jezikri…
MÈS NAN JOU A
Priyè: Bondye, ou menm ki nan sakreman fèt jodiya, sanktifye Legliz ou a ki sou tout fas tè a nan tout ras ak nasyon, vide kado Lesprisen yo nan tout lajè tè a, epi sa k te reyalize nan kòmansman prèch bòn nouvèl la, kòm kado Bondye a, vide l koulye a tou nan kè moun ki kwè yo. Pa pouvwa Jezikri…
PREMYE LEKTI
Travay apot yo 2, 1-11: Lè jou Lapannkot la rive (50 jou apre fèt Pak la), tout patizan Jezi yo te reyini ansanm menm kote.Yon sèl kou, yon gwo bri sot nan syèl la, tankou yon gwo kout van ki soufle. Li plen tout kay kote yo te ye a. Vin gen yon pakèt moso lang, tankou ti flanm dife ki vin poze grenn pa grenn sou tèt yo chak. Yo tout vin plen ak Lesprisen an;Yo kòmanse pale lòt kalite lang dapre jan Lespri a te ba yo pou fè l.Te gen bann jwif ki te vin Jerizalèm lè sa a. Se te zanmi Bondye, ki te sot nan tout peyi sou tè a. Lè yo tande gwo bri a, tout yon foul vin sanble. Se pa ti sezi yo te sezi, paske chak moun te tande y ap pale nan lang pa yo menm.Yo pa t rive konprann sa, men yo te kontan, e yo t ap di: « Kifè, nèg sa yo k ap pale a, se pa moun Galile yo ye? Kòman fè nou chak tande yo, nan lang manman nou menm? Ni moun peyi Pat, ni moun peyi Medi, ni moun peyi Elam, ni sa ki rete nan Mezopotami, ni sa ki rete nan Jide ak nan Kapadòs, ni sa ki nan Pon ak an Azi, ni sa ki nan Friji ak nan Panfili; Sa nan Ejip, ak nan zòn Libi bò peyi Sirèn nan, ni sa ki sòti a Wòm, vin nan pelerinaj, ni jwif peyi, ni jwif etranje, ni moun peyi Lakrit, ni Arab, nou tout, se nan lang peyi pa nou, nou tande y ap pale mèvèy Bondye fè yo. Pawòl Granmèt la.
Sòm 103 (104):
O Granmèt, voye Lespri ou la non, pou latè a k ap gen yon lòt figi!
Kite m di Granmèt la mèsi: Bondye Granmèt mwen, ala gran ou gran! Granmèt, ala anpil bagay ou fè! Latè a plen ak bèl bagay ou fè .
Lè ou wete souf yo, yo mouri Epi yo retounen nan pousyè kote yo te sòti a. Men lè ou soufle sou yo ankò, yo refèt; Ou bay latè a yon lòt figi.
Konpliman pou Granmèt la pou tout tan! Se pou Granmèt la jwenn kontantman, nan tout sa l fè! Se pou lapriyè m lan fè l plezi; Mwen menm, kè kontan m se nan Granmèt la li ye
DEZYÈM LEKTI
1 Kolosyen 12, 3b-7.12-13: Frè m yo pèsòn pa kapab di: «Granmèt Jezi», si se pa nan Lesprisen an. Gen divès kalite gras, men se yon sèl Lespri a. Gen divès kalite sèvis, men se yon sèl Granmèt la. Gen divès kalite aktivite, men se yon sèl Bondye a ki fè tout bagay nan tout moun. Sèlman yo bay chak moun manifestasyon Espri a pou bezwen an. Sèke menm jan kò a fè yon sèl, men li gen anpil manb, tout manm kò a, malgre yo anpil la, se yon sèl kò yo fè kan menm: se konsa tou pou JeziKri. Reyèlman se nan yon sèl Espri nou tout nou batize pou nou fè yon sèl kò, swa Jwif, swa nasyon, swa esklav, swa moun lib ; epi nou tout se nan yon sèl Espri a nou pase swaf nou. Pawòl Granmèt la…
Sekans(yon mòso espesyal pou Fèt Lapannkot)
Klere nou ak klète ou, fè nou fò avèk fòs ou, Soutni nou nan dwa chemen, konsole nou, ede nou.
. Lesprisen vini non konble pitit Bondye yo Ou Lespri Bondye Papa a, ou Lespri Pitit la tou. Lè chagren mare kè nou, lè nou prèt a pèd espwa Lè n anvi dekouraje se ou menm ka ede nou.
• Ou rafrechi sa ki cho, ou rechofe sa ki frèt. Nan fatig, ou se repo; nan boulvès ou se kalmi.
• Ou ki limyè klere nou, ou ki espwa, soutni nou. Ba nou kè, ou menm ki fòs, mete nou wotè Bondye.
• San ou menm, Lespri Bondye, anyen nan kè nou pa bon. Se nan peche n ap tonbe, e se drive n ap drive.
• Kote nou sal, pwòpte nou; kote nou sèk, wouze nou. Geri kote nou blese; nou panche, drese nou dwat.
• Se nan ou, konfyans nou ye, fè nou kado tout de bon. Kondi n ale jwi nan syèl nan bonè ansanm ak ou.
LEVANJIL
Jan 20, 19- 23: Se te apre lanmò Jezi, premye jou nan semèn nan, nan aswè, etan pòt kay patizan l yo te ye a, te byen fèmen, paske yo te pè jwif yo, Jezi parèt, li kanpe nan mitan yo, li di: « kè poze pou nou!»Apre sa li montre yo men l ak bò kòt li. Patizan yo menm kontan, lè yo wè Granmèt la. Jezi tounen di yo:« Kè poze pou nou! Menm jan Papa a voye m nan, se konsa mwen menm tou mwen voye nou. » Apre sa li soufle sou yo, li di yo: « Resevwa Lesprisen an. Moun n a padone peche yo, peche yo va padone; Moun n a lese san nou pa padone peche yo, peche yo p ap padone.» An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Granmèt la.
Yon ti refleksyon
Frè m ak sè m yo, zanmi sous Lavi a salitasyon pou nou nan non Bondye ki se 3 men, ki fe youn! Jodi a Legliz Manman nou, ap selebre Pannkot sa vle di: Vini Lesprisen an sou zanmi Bondye yo. Men rekonpans sila ki rete fè youn ak Kris la. Lespri a desann jan Jezi te pwomèt la. Pou tout kalite pyèj satan mete sou chemen nou, Jezi gentan konnen kouman sa t apral ye, li ba nou fòs pou nou pase pi wo pase tout bagay sa yo. Lè lespri Bon konprann nan fin desann sou zanmi Bondye yo, yo tonbe pale nan divès kalite lang, e la menm Lespri a kòmanse manifeste grandè li, malgre y ap pale divès kalite lang men youn konprann lòt.
Viv Lesprisen, viv inite nan diferans nou kòm kretyen. Apot Pòl ap fè nou konprann malgre gen divès don Lespri a depoze nan nou, men se yon sèl Lespri a li ye. Yon sèl Lespri avèk divès kalite don jan chan n ap regle a di l la. Yon sèl lespri divès kalite don, se yon sèl kò nou fòme ansanm…. Gen sila ki gen don pou pale an lang, gen lòt ki kapab geri sila ki malad, gen lòt se konpreyansyon pawòl la, gen lòt se lentèlijans e malgre tout sa yo, se yon sèl Bondye a ki bay tout, yon fason pou fasilite misyon an mache pi byen. E Lesprisen sa a nou resevwa yon losyè ladan l jou batèm nou, nan pase minis ki konsakre a te pase lwil santi bon an sou nou, lwil sa e Evèk dyosèz nou an te konsakre jou jedi sen an. Lespri sa pral fin anfòm nèt sou nou, nan jou konfimasyon nou, se la don nou genyen an pral pran jarèt nèt, lè Monseyè pase lwil santibon an sou nou e ak yon siy ak men l li fè nou lagras resevwa Lespri a. Malgre tout sa, nou pa resevwa don pou fè lajan. Pawòl la di se pou nou bay gratis sa nou te resevwa gratis (Sen Matye 10: 8). Se pou don nou genyen an pa mete nou siperyè ni nan zizani ak lòt yo, men ede nou fè youn jan Jezi te ye ak Papa li yon fason pou sila k ap viv avèk nou gentan gen yon lide sou kòman sa va ye nan dènye tan an.
Nan levanjil jodi a Jezi etabli sakreman rekonsilyasyon an nan di li di disip li yo: moun nou padone y ap padone e sila nou pa padone yo p ap padone. Menm jan Papa te voye li se konsa li voye nou, al fè disip, al montre lanmou pifò pase rayisans, tèt ansanm pi bèl e pi bon pase chire pit. Li pa voye nou ale nan lagè men pito tankou ti mouton, pa al fè replik men pito al dyaloge, al montre jous kibò rasin nou kòm kretyen soti. Se pou Bondye nan lanmou san limit li, kontinye soufle Lesprisen an sou Legliz la, dirijan nou yo, sou tout peyi k ap fè lagè, pou nou chanje lide. E konsa mond nou an va konnen yon pannkot tounèf. Amèn !